Wednesday, March 23, 2005

Maryaj posmoden milti-kiltirel milti-spirityel

 

Yon kokennchenn kolonn lespri ap suiv mwen toupatou nan laviwonn m ap fe nan peyi Etazini.  Menm lot moun we yo!
 
2 zanmi m te mande m dirije selebrasyon maryaj yo nan Omaha, Nebraska.  M fe maryaj la dimanch, jou Ekinoks la.  Tet chaje !  Plis pase 200 moun anndan yon gwo gwo teyat  gwo liks.  Mwen te mare yon mouchwa blan nan tet mwen, sou fom bando Amerendyen.  Nou jete dlo, nou limen balenn, nou rele Lwa yo ak Zanset yo, yo te la, nou bay ofrann, nou bay wonm, te gen bon ti mizik yon Blak t ap jwe tou.
 
Moun ki te asiste yo di: Apre sa, moun pap ka marye jan yo te konn fe l anvan anko.  Moun ki ta pral marye byento di yo setoblije pral refe plan yo a zero.  Gen yon neg ki te bwe anpil, li di li ta renmen mwen fe maryaj pa l tou.  Mwen mande l si li genyen menaj, epi ki le l ap marye.  Li di li pa gen dat maryaj, li potko janm panse marye e li pa gen menaj.  Men li di sa se detay: kounye a l ap oblije jwenn youn vit vit paske, vle pa vle, menaj pa menaj, se pou mwen fe maryaj li!  Yon moun di defen manman l te vini le nou rele Zanset yo.  Li te tris le nou voye yo ale.  Gen yon lot ki di li pat janm konprann ki motivasyon ki te ka pouse moun marye.  Kounye a li konprann.  Plizye moun di yo komanse konprann Vodou, genyen ki vle al Ayiti.
 
Men, sa ki te plis make m, se yon neg ki gen Zanset Amerendyen ki vin pale ave m apre seremoni a.  Fo m di nou, mwen te voye ochan bay Zanset Amerendyen nan zon nan : Pawnee, Omaha, Ponca ak Otoe-Missouria.  Misye di m, le mwen te komanse nonmen non Pep Amerendyen yo, li t ap tann pou li we si mwen t ap vini sou Zanset pa li yo, paske li ra pou moun pale de yo.  Pi fo moun pa menm janm tande non yo, menm nan zon Nebraska.  Li se yon Otoe-Missouria.  Sa te touche li anpil pou li tande nonmen Zanset li yo, nan gwo kote sa a, ak tout doz respe sa a.
 
Ayibobo pou sa n pa we yo !
Posted by Djaloki at 00:26:11 | Permanent Link | Comments (0) |
Comments
Write a comment