Sunday, May 01, 2005
Alo Fanmi m yo,
Lone ak Reverans pou nou !
Mwen nan lotel DoubleTree Historical Savannah. Chanm mwen bay sou Franklin Square, kote yo genyen pwoje mete moniman pou Ayisyen ki te patisipe nan batay Savannah an 1779.
Mwen te ale nan Mize istorik Savannah a (http://www.chsgeorgia.org/shm/home.htm). Yo pase yon fim ki pa di ni krik ni krak sou Ayisyen yo. Apre sa m al mande moun ki resevwa vizite yo si genyen kichoy sou Ayisyen nan mize a. Li di m : Non, men gen kek gwo zotobre ki te vini mwa pase, yo te pale sou sa, e yo te fe yon gwo festen ! M al vizite mize a kanmenm. MEN SA M JWENN :
Nan mitan sal prensipal mize a, genyen yon ti stati ('buste") Tousen Louveti, ansanm ak yon let misye te ekri ak pwop men l, plis yon teks esplikasyon; tout sa sou yon sipo ("socle") epi anndan yon vit. Se tankou yon ti moniman nan mitan mize a, kote tout moun oblije pase. Ou pa ka rate li. Mwen pran kek foto. Mwen poko devlope yo, men m pa konnen si y ap soti byen akoz vit la ki t ap reflete limye flach la.
Teks esplikasyon an bay kek enfomasyon sou batay Savannah a. M pa gen tan re-ekri li net kounye a, m a ba nou li yon lot le, men m ap ba nou enskripsyon ki anba teks la :
"Presented to the City of Savannah by the President of Haiti: Jean-Bertrand Aristide.
Yo pat bay dat.
Let Tousen an te difisil pou dechifre anpil, men m kwe mwen resi konprann li (mwen mete pwen dentewogasyon kote m pa fin seten sa li ekri a). Men sa li di :
"Limbe, 8 Aout 1792.
Toussaint Breda,
Chef des Revoltes,
General des Armees du Roy.
Freres et soeurs,
Je suis Toussaint Louverture. Mon nom s'est peut-etre fait connaitre jusqu'a vous. J'ai entrepris (?) la vengeance de ma race. Je veux que la Liberte et l'Egalite regnent a St Domingue. Je travaille a les faire exister. Unissez-vous et combattez avec nous pour les memes causes. Deracinez avec moi l'arbre de l'esclavage. J'ai jure de faire de vous des hommes comme tous les autres hommes de la Terre.
Vive la liberte !
Vive la race noire !
Toussaint Breda."
Kou ki touye koukou a, se enkripsyon ki anba let la; tande sa byen :
"Copy of Declaration of Independance of Haiti.
Courtesy of Dr Walter Evans."
???!!!???!?!?!? Mezanmi ooo !!! nan mitan gwo sal mize istorik ofisyel ki fe fyete leta Georgia, nan gwo vil Savannah, wi !!!!!
M kouri nan resepsyon an pou m al fe yon skandal ak anplwaye ki te di m pa gen anyen sou Ayisyen nan mize a. Moun nan te gen tan ale. Mwen mande pou mwen pale ak moun ki responsab pyes istorik yo ("curator"). Yo di m li pa la paske se Dimanch. L ap la demen a 10ze nan maten, men m ka pa gen tan we li paske mwen genyen pou m al pran avyon demen maten. Yo ba m nimewo telefon li, nan biwo li. Fe m konfyans, li pral tande m !...
Oke, sa pa fini la non. Genyen lot bagay sou Ayisyen yo nan mize a toujou. M pa gen tan ba nou tout kounye a. Men kek ti losye :
- yon maket ki reprezante batay la ak rejiman Ayisyen an; Anri Kristof ladan yo.
- Plizye teks ki mansyone Ayisyen yo, ak non plizye ladan yo; mwen te rekopye kek nan teks sa yo, mwen fotografye lot. M a ba nou tout sa yo pi ta.
- Inifom "Chasseurs Volontaires de St Domingue".
Demen maten, m ap retounen nan mize a anvan m al ayopo.
N a pale plis pi ta.
Respe pou nou !
~Djaloki~






























I met you late one night in Port-au-Prince at Wall's International Guesthouse.
I was with Eunice's mission. I have a few questions to ask you. Email?
-nick (Comment this)
Yon bel ti paj! Bravo! Koman ou ye la? E lot mounyo ye? Mwen tap fe konesans ak yon zanmi Ari lot mwa d ke te pase. Li marye ak bel se zanmi m. M te we Kristi Steoss semen ki te pase a epi li di m ou pa pi mal. Epi li we l ou tap ede l anpil pou tet ti pale a ou tap pataje ansanm ave l. Li di ou telman fo nan phychology (ekri?). Mwen pa konnen ki jan pou ekri mo sa a ann Kreyol. Petet li tap pi byen si mwen tap ekri ann Angle men mwen pito Kreyol. Mwen pa gen anpil chans pou ekri ann Kreyol epi tou apre sa le m itilize lang sa bagay mwen santi soti pi fo nan kem. Si ou kapab banm pleze sa a paske mwen konnen ou pi fo nan Angle pase kote mwen ye nan Kreyol epi li tap pi fasil pou ou konprann sa map di ann Angle. Si ou pap dako map ekri ann Angle. E byen! Mwen we yon bel blog la epi map tann yon lot let! Remak ou konn fe la se pa yon ti bagay li ye! Se sa ekriman ki kapab chanje moun ak eksperyans tou. Mesi pou sa! Bon Ankourajman! Mwen anvi we Savannah! Kounye a map li yon istwa ki rele Ekri nan San ou byen ann Angle Written in Blood. Eske ou konn l? Li yon gwo istwa! Kounye a mwen sonje Ayiti epi tout fanmi la. Epi li di pou yo kounye a men ou konnen sa. Kounye a mwen nan ville Balitmore nan etat Maryland epi map travay ak yon legliz nan mitan ville la. Epi li difisil pou moun isit tou. Chak jou moun vini la pou jwenn ed men legliz bay yo manje nan bwat epi savon, paye machinn pou yo, elatria...men sa pa vreman ede yo nan lavi yo. Moun yo nan legliz la gen anpil benefis nan men yo paske kote yo fet, kole po yo, parenn yo...sistem nan bay yo anpil benefis. Epi nou gen moun ki jwenn anpil benefis nan men sistem nan epi lot yo ki pa jwenn menm bagay la men sistem la...ki jan ou di 'impoverish' ann Kreyol. Mwen gen yon zanmi ki di yo pa ka we soufri lot moun yo sa fe yo rete nan gwo kay epi manje sou yon gwo tab pandan zwazin yo cheche manje pou fanmi yo epi pa gen kay gen pwoblem ak droj (ekri?). Bondye konn bay men pa konn separe. Se pou nou fe sa...Se nou ki fe dezod se pou nou amelorye sa. Ou menm ou bamn anpil ankourajman pou tet jan ou ye a epi bagay ou konn we. Mwen tap di ou yon fwa mwen we ou menm se yon pwofet epi kounye a mwen pi konvenk sou sa...mwen bezwen pale plis ave ou si ou gen tann. Mesi nan davans. Kenbe Lespwa!
Anpil Respe,
Rachel Tane
(Comment this)
Please send me yours. (Comment this)