Friday, December 17, 2004

21 Jenerasyon (Kreyòl)

KISA 21 JENERASYON YE ?
 
21 Jenerasyon, se non strikti ki anchaje aplike, jere epi sipèvize aktivite k ap materyalize Deklarasyon Entansyon Djalòki.  Zouti prensipal 21 Jenerasyon se Lapawòl (sou tout fòm vizib, envizib, odib, inodib, lengwistik, melodik, ritmik, oral, literè, grafik, senbolik, vibratwa, elatriye…) ansanm ak tout sipò ak anviwonman Lapawòl ka bezwen pou li manifeste tèt li.  Djalòki se Fondatè epi Pòtlapawòli 21 Jenerasyon.
 
KI SENBÒL PAWÒL ”21 JENERASYON” GENYEN ANNDAN KÒTÒF LI ?
 
“21 Jenerasyon” se yon pawòl ki pote anpil sans senbolik, mistik, kiltirèl, ni tradisyonèl, ni pòsmodèn.

21=3×7    2+1=3
 
Chif 3:
 
3 se chif mistik Vodou (3 Pawòl, 3 pwen dlo, 3 Fèy - 3 Rasin, 3 Nanm, elt…)  Chif 3 relye nou ni ak tè Ayiti a, ni ak Lafrik, ni ak planèt la.  Nan 3 pwent triyanng mistik la, yon pwent se Papa a (Granmèt la), yon lòt pwent se Manman an (Latè, Gaya), pwent nan mitan an se Pitit la (Moun).  Egal sekrè chif 3 a, se vre nati esansyèl Moun, ki vizib ak envizib alafwa.
 
Tradisyon ki mèt chif 3 sou latè, se Vodou Ayisyen.  Se Pèp Ayisyen ki gadò li.
 
Tradisyon Kretyen te resevwa sekrè chif 3 nan men Fran Ginen Yechwa (Kris enkane a) ki te jwenn li nan inisyasyon li te pran, pwobabman ann Afrik, anvan li te kòmanse ministè li pandan 3 lane, soti nan laj 30 rekòt kafe, pou rive 33.  Men anpil Kretyen jodi a konnen sèlman aspè envizib chif 3 a (Sent Trinite), yo pa konnen aspè Latè a ak aspè Moun nan, se yon pwent ase yo kenbe.
 
Pèp Ayisyen genyen 3 gran branch Zansèt prensipal: Zansèt Afriken, Zansèt Amerendyen ak Zansèt Ewopeyen.  Egal 3 vle di Zansèt pou nou.
 
Chif 3, ki anndan chif 21 an (2+1=3;  21=3×7), se rasin mistik pawòl “21 Jenerasyon” an.  Se sou li tout konsèp la chita.
 
Chif 7:
 
7 se chif mistik Tradisyon Oksidantal la (7 jou “Bondye” pran pou kreye linivè nan liv Jenèz, nan Bib la, 7 jou yon katye Lalin, ki se yon ka (1/4) peryòd manstriyèl fanm an mwayèn, 7 orifis kominikasyon sou figi Moun, 7 peche kapito, 7 zanj ak 7 so nan liv Apokalips, 7 nòt mizik, 7 koulè lakansyèl, 7 “Mèvèy” nan lemonn, elt…)  chif 7 la relye nou ak pati ewopeyen ki nan san nou, nan kilti nou, ak nan eskòt Lespri nou yo.  Tradisyon ki mèt chif 7 sou latè, se Tradisyon ezoterik Jideyo-Kretyen Oksidantal.  Ann Ayiti, li reprezante pa legliz katolik ak fratènite Mason ak Rozikrisyen.
 
Chif mistif Chamanis Amerendyen an, se 4 (4 pwen kadino, 4 sezon, 4 eleman: dlo, dife, lè ak tè).  Lè nou mete chif sa a ansanm ak chif mistik Vodou a (ki se 3), nou rejwenn 7 la ankò: 4+3=7.
 
Men chif 7 la relye nou ak Zansèt Amerendyen nou yo tou.  Malgre yo se mèt chif 4, yo sèvi ak 7 direksyon tou (devan, dèyè, agoch, adwat, anwo, anba, nan mitan) epi sitou, anpil nan Pèp Amerendyen lontan yo te konn onore 7 Jenerasyon pititpitit yo.  Depi yo t ap pran yon desizyon enpòtan ki t ap afekte anviwonman yo, yo te toujou sonje 7 Jenerasyon desandan yo ki ta pral vini pi ta.  Lè yon Moun te anchaje pran swen yon bout tè, se pou li te fè l vin bi bèl, pi rich pase jan li te jwenn ni, pou 7yèm jenerasyon pititpitit li yo ta kapab jwenn yon bèl eritaj.  Valè sa a fin pèdi nèt nan monn modèn nan.  Nou vle retabli li nan modèl monn pòsmodèn nou vle ofri pititpitit nou yo, men nou panse tan an pa menm, 7 jenerasyon pase twò vit, chif la twò piti.  Si nou pran 30 lane pou yon jenerasyon, 7 jenerasyon se 210zan sèlman.  Lè n ap retounen 210zan ann aryè, n ap rive nan tan lakoloni toujou (si nou pran 2004 kòm referans).  Kidonk, si nou vle onore Zansèt Amerendyen ak Afriken ki t ap viv anvan lesklavaj, fòk nou remonte plis pase 500zan.  Ak 21 jenerasyon (= 630 lane apeprè), nou anbrase anpil ladan yo.
 
Chif 21:
 
21 reprezante libète Moun ki granmoun tèt yo.  Libète sa a te chouke ann Ayiti nan Lendepandans ki te pran rasin ni nan Bwa Kayiman.  Selon Tradisyon oral nou an, se 21 Nanchon Lafrik ki te reyini nan Bwa Kayiman.  Se 21 Nanchon Lwa ki te vin met ansanm pou kreye Vodou Ayisyen an, epi pou batay kont lesklavaj, jiskaske yo tabli premye nanchon Pèp lib sou latè nan tan modèn yo.  Istoryen yo konn pran Revolisyon Franse ak Revolisyon Meriken kòm referans libète Moun nan tan modèn, men ankenn nan revolisyon sa yo pa t aboli lesklavaj nan teritwa yo.  Libète a, se pou gason blan pwopriyetè sèlman li te ye.  Se ann Ayiti 21 Nanchon yo vin pwoklame libète a pou tout moun, pou premye fwa sou latè.  21 Nanchon ansestral yo vin fè yon sèl nan Pèp Ayisyen, men nou gen travay amonizasyon ki poko fin fèt, nou gen pou nou travay ak 21 Nanchon sa yo toujou, nou poko fin granmoun nèt.  Lide sa a chita anndan pawòl 21 Jenerasyon an tou (Jèn Nasyon).  Konsèp 21 Nanchon ki vin fè youn, va sèvi nou kòm baz pou modèl yon sosyete pòsmodèn ki inifye, men kote yo onore divèsite nan Moun, nan Lanati, ak nan Lespri.
 
Pou Pèp Dogon, ann Afrik, lavi yon Moun travèse yon etap aprantisaj ak evolisyon chak 21 lane.  Se 3 ti sik 7 lane ki fòme yon gran sik 21 lane.  3 premye sik 7 lane yo, se etap timoun.  Kidonk, se lè yon moun rive genyen 21 rekòt kafe byen frape, yo pa konsidere l kòm timoun ankò.  Men li poko granmoun non plis.  Li se yon jèn.  L ap genyen pou li viv 21 lòt lane ankò, pou yo rive konsidere li kòm yon adilt, lè li fete 42zyèm rekòt kafe li.  E la ankò, yo pa konsidere li fin devlope tout matirite potansyèl li kapab genyen antanke Moun tout bon.  Se apre 63 rekòt kafe li granmoun tèt li tout bon (63=21×3).  Men evolisyon li pa rete la.  L ap pase etap 84 lane, 105, epi 126.  Si yon Dogon mouri anvan 126 rekòt kafe, yo wè sa tankou yon aksidan.  Apre 126zan, li gen dwa mouri lè lide l di l.  Pawòl Dogon ki deziye yon Moun ki rive mèt Lapawòl li se “Mountou”.  Sonje siyati Tant Tòya (Viktorya Montou) ki te manman adoptif Jan Jak Desalin…  Tout sekrè sa yo chita anndan pawòl “21 Jenerasyon”.
 
Nan Pye Bwa Lavi kabalistik Jwif, genyen 22 Chimen ki relye 10 Veso yo (Sefiwòt) youn ak lòt.  22 Chimen sa yo reprezante nan 22 kat Akàn Siperyè nan jwèt kat kabalistik Tawo a, ki gen nimewo 0 a 21.  Kat 21 a reprezante lemonn.  Se li ki jere vwayaj lòtbòdlo.
 
KI SANS JENERAL PAWÒL “21 JENERASYON” ?
 
Lè nou di “21 Jenerasyon”, nou vle di:
 
- Onè ak Respè pou 21 Jenerasyon Zansèt nou yo, ann Afrik, ann Amerik, ann Ewòp, ann Ayiti; nou mande pou yo pale atravè Pawòl nou;
- Onè ak Respè pou 21 Jenerasyon Desandan nou yo, nan yon sosyete pòsmodèn miltikiltirèl ann amoni ak tèt li (Pitit la), ak Kosmòs la (Papa a), ansanm ak Lanati (Manman an), ki pratike Reverans pou Lavi, atravè Respè pou divèsite li; se pou yo n ap pale;
- Onè ak Respè pou Jenerasyon ki ouvè 21nyèm syèk la, ak 201nyèm lane Endepandans Ayiti a (ki se Jenerasyon kounye a) ki genyen responsabilite sèvi bon chwal Papa Legba pou li ka ouvè baryè sosyete pòsmodèn nan kòrèkteman pou 21 Jenerasyon k ap vini yo; se ak Jenerasyon sa a n ap pale.
 
AYIBOBO !
Posted by Djaloki at 06:35:26 | Permalink | Comments (3)

Se pa nan lari pwoblèm nan ye (Kreyòl)

Anpil moun pè soti nan lari semèn sa a, akòz tire k ap fèt tout kote.  Tire yo pa ba m twòp pwoblèm.  Se sentom yo ye.  Yo jis montre aklè nan ki degre konfizyon, destriksyon, dejeneresans nou rive nan nivo nanm nou, sou plan kolektif la.  Eseye rezoud pwoblèm vyolans lan nan lari a p ap mennen nou okenn kote, toutotan nou pa atake mal la nan rasin li, egal anndan lespri moun.  Annatandan, sa k gen pou fèt ap fèt, wè pa wè.
 
Sou bò pa m, m ap kontinye fè sa pou m fè a, menm jan.  M pa di m ap fè enpridans, men kapon pa fè pati ni non m, ni siyati m. Lè m pa pran lari, se pa si tèlman pou ensekirite.  Nou gen anpil travay spirityèl pou nou fè.  Anpil lapriyè, meditasyon, pwoteksyon, gerizon, koreksyon, amonizasyon, vizyalizasyon, pwojeksyon, kreyasyon.  Se pa nan lari, ni nan palè, ni ak zam, ni ak lajan travay sa a ap fèt.  Se anndan kè nou, anndan nanm nou, anndan wogatwa nou, anndan peristil nou, ak lafwa nou, ak kouraj nou, ak pouvwa nou, ak Lwa nou yo, ak Zansèt nou yo.  Sa k pi eklere osnon pi konsyan yo, pi responsab.  Sa k pa konprann, ou pa nan batay, w ap kontinye vire won anplas…
 
~Djalòki~

Posted by Djaloki at 06:17:49 | Permalink | No Comments »

What is good or bad for Ayiti? (English)

Djalòki:
I still believe that real change won’t come from the political arena.  There is a more subtle scheme at work, bigger and wider, but at the same time deeper and closer to everyone of us Humans.  It is about our species and its evolutionary process within the evolution of life on our planet, herself in a cosmic evolutionary path, of which we are instrumental agents from within our minds and hearts.  Of course, political awareness is fundamental to understand the world we are living in, and it is much lacking among most US citizens right now.

Friend:
I want to know what you think would be good for Haiti.

Djalòki:
Ayiti’s “problem” is part of an overall world “problem”.  Looking at Ayiti, where truth is crudely exposed, allows one to see the hidden side of reality worldwide.  Hunger, misery, poverty, violence and illness in Ayiti are directly linked to apparent opulence, prosperity, wealth, stability and health in “developped” countries.  The “solution”, if any, for Ayiti, cannot be looked for separately from a “solution” for the world.  Part of the answers will have to come from Washington, as well as from Port-au-Prince.  Other answers will have to come from changes in the beliefs and lifestyles of almost each and every human being on Earth.  We are talking of a major wide scale revolution.

On the Ayitian side, it would be good for Ayiti that Ayitians start thinking for themselves, stop dreaming the American Dream, stop rejecting their own values, culture and traditions, heal from the wounds of slavery and colonization, and finally devise a model of society that will respond to their own profound needs and paradigms.  This model WILL be different than the commonly accepted modern model of a democratic, capitalistic, rational, industrial, “civilized” society.

Friend:
Is Aristide good, even if he does suppress resistance? He is
better than a pure dictator, but is there an alternative? Should we rely
on the “power of the poor in Haiti” ! (as Paul Farmer describes the force
that put Aristide into power originally) to replace the government with
a better one once it has gone sour?

Djalòki:
The Ayitian people should be the one left to decide which leader and which governance style they want.  So far, the decision as to who should be leading the Ayitian people has always been taken in, or consulted with Washington, and enforced by political and economical means, as well as military.  This will NEVER ensure stability, peace or healing in Ayiti.  The question is not whether Aristide was good or not. He was forcibly removed by foreign powers before the end of his term (his “resignation” letter was handed to a US official; quite bizarre for a head of state, isn’t it?).  This will have negative political (and thus economic) consequences for years to come, and psycho-spiritual negative consequences for decades to come.

Friend:
I also wonder about the Lavalas party now. Are they really responsible
for the violence that is currently happening? Is the violence just in
retaliation to the pro-Aristide protest that turned violent?

Djalòki:
All factions in the race for power are partly responsible for the current violence, the Lavalas party or their followers, the Ayitian government or their followers, the ex-army or their new recruits, the “democratic” business driven sector, the US government, among others.  None of them want the system to change.  They just want to be in charge of it and within it, for power and money.

 

Posted by Djaloki at 05:51:26 | Permalink | Comments (1) »