Sunday, December 19, 2004

Vodou ak Krisyanis (Kreyòl)

Men sa yon zanmi ap mande sou rapò Krisyanis ak Vodou.  Mwen gen entansyon bay dizon pa m sou sa pi ta, lè m gen plis tan.  Annatandan, nenpòt moun kapab kòmante osnon reponn kesyon yo.

Zanmi  a mande :

w a eskize m si mwen poze w tout kesyon sa yo: mwen ta
renmen konnen ki rapò krisyanis ak vodou? èske se
maryaj de relijyon sa yo ki senkretis la ? èske yon
bon jan grenn ayisyen ka yon kretyen? lè nou konsidere
kijan krisyanis la te rantre nan sen nou ak ki ravay
li ka fè lè nou mal konpran ni? kesyon sa yo ak anpil
lòt ankò mwen ta renmen ou ban m yon ti limyè souple.

Posted by Djaloki in 05:41:16 | Permalink | Comments (2)

Invitation sur la cyber-concession de 21 Jenerasyon (Français)

Bonjour “Fanmi”, ami-e.
Honneur et Révérence à toi!
 
Djalòki prend un grand plaisir à t’inviter à venir le visiter de temps en temps, et à échanger des idées avec lui, sur le “Lakou” cybernétique (“blog”) qu’il a créé sur Internet.  Tu pourras régulièrement y lire ses écrits et y placer tes commentaires, qui seront publiquement disponibles sur Internet.
 
En descendant le long de la colonne qui apparaîtra à droite de l’écran du “blog”, tu trouveras plusieurs choses qui peuvent t’intéresser, une fois passé le carré de publicités.  C’est là que se trouve le lien que tu devrais sélectionner en premier, lors de ta première visite sur le “blog”.  Il indique: “Lisez cette introduction en premier”, en-bas du titre: “New to this blog? - Ou fèk parèt? - Nouveau/Nouvelle sur ce blog?”
 
Plus bas, dans la colonne de droite, tu trouveras une liste de livres, parmi les plus appréciés de Djalòki, avec leur lien sur Amazon.com.
 
A partir de n’importe quelle page du “blog”, pour revenir à la page principale, il suffit de cliquer sur le gros titre “PAWÒL APRANTI-SAJ”, en-haut de la page.
 
Pour sélectionner un lien qui va te diriger en-dehors du “blog”, il est recommandé de cliquer à droite sur la souris, puis de choisir “Ouvrir le lien dans une nouvelle fenêtre”, pour que la fenêtre contenant le “blog” reste ouverte et accessible.
 
Djalòki t’attend avec impatience dans son “Lakou” cybernétique.  L’adresse est: http://djaloki.blog.com
Paix et Respect.
 
 
Posted by Djaloki in 03:29:11 | Permalink | Comments (5)

Invitation on the 21 Jenerasyon cyberland (English)

Good morning my relative, my friend.
Honor and Reverence to you!
 
It is with great joy that Djalòki invites you to come and visit him sometimes, and exchange ideas with him, on the cybernetic “Lakou”, or blog, he has opened on the Internet.  There, you will be able to read what he writes regularly, and post your comments that will be available to the Internet community.
 
Don’t miss to scroll down the side bar, on the right handside of the blog screen.  Once you go down the advertisement square, it is full of cool things you may like.  That is where you will find the link you should select first, on your first visit.  It reads: “Read this introduction first”, below the title: “New to this blog? - Ou fèk parèt? - Nouveau/Nouvelle sur ce blog?”
 
Further down, on the side bar, you will find a list of books, among Djalòki’s favorites, with their link to Amazon.com.
 
From any page of the blog, if you want to go back to the main page, just click on the big head title on the top of the page, that reads: “PAWÒL APRANTI-SAJ”.
 
When you select a link that will send you out of the blog, it is recommended that you right-click it and choose “Open in a new window”, so the window with the blog stays open and available.
 
Djalòki is waiting for you with excitement in his cybernetik “Lakou”.  The address is: http://djaloki.blog.com
 
Peace and Respect.
 
Posted by Djaloki in 03:26:02 | Permalink | Comments (11)

Envitasyon nan Lakou 21 Jenerasyon (Kreyòl)

Onè ak Reverans!
Bonjou Fanmi m, Zanmi m.
 
Se yon grap plezi pou Djalòki pou li envite w pase wè li tanzantan, epi chita pale ansanm avè l nan Lakou sibènetik li ouvè sou Entènèt (“blog”).  W ap kapab li sa li ekri regilyèman, epi fè kòmantè pa w ki ap disponib pou tout moun sou Entènèt.
 
Pa manke gade kolonn k ap parèt adwat ekran “blog” la.  Li genyen yon bann bagay enteresan lè ou desann pi ba pase ti kare k ap bay reklam nan.  Se nan kolonn sa a w ap jwenn tit pou al li an premye a, lè ou fèk parèt sou sit la.  Li make: “Li entwodiksyon sa a an premye” (anba tit: “New to this blog? - Ou fèk parèt? - Nouveau/Nouvelle sur ce blog?”).
 
Pi ba nan kolonn adwat la, w ap jwenn yon lis liv Djalòki renmen, ak tout lyen yo sou Amazon.com.
 
Lè ou fin li nenpòt tèks sou “blog” la, ou annik klike sou gwo tit anlè a ki di: “PAWÒL APRANTI-SAJ”.  Sa ap remete w sou paj prensipal “blog” la.
 
Si w ap klike sou yon lyen entènèt (“link”), ki pral voye w sou yon lòt sit, pandan w ap li yon tèks sou “blog” la, li rekòmande pou peze bouton adwat (“right click”) sou sourit la (“mouse”), epi chwazi “Open link in new window”, pou pa pèdi tèks ou t ap li a.
 
Djalòki ap tann ou ak anpil enpasyans nan Lakou sibènetik li a.  Adrès la se http://djaloki.blog.com
 
Lapè ak Respè.
 
Posted by Djaloki in 03:20:44 | Permalink | Comments (7)