Friday, March 25, 2005
Thursday, March 24, 2005
Djaloki’s next speaking engagements (March-April 2005)
Sona nan lotel DoubleTree
Pandan m te nan gwo lotel DoubleTree, nan vil Omaha, Nebraska, mwen we yo gen yon sona pou kliyan yo. Se yon chanm yo chofe a blok pou fe ou sue, yon fason pou elimine toksin ki anndan san ou ak ko ou, epi yon fason pou detann ou, pou lache stres ki akimile anndan sistem ou. Se yon ansyen tradisyon Zanset Amerendyen nou yo te konn fe pou rezon spirityel, pou pirifikasyon, pwoteksyon ak tretman mistik. Yo te konn fe li nan No Ewop tou. Met sou sa, pou mwen se yon remed kont fredi k ap eseye kale m, men mwen pa vle kite l genyen. Monche, m deside m pral fe yon ti kout sona, pou m remete chale anndan mwel zo m ki t ap komanse fe fresko.
Le m paret sou pot sona a, m we gen moun anndan deja. Chanm nan yon ti jan piti. M pat vle al deranje moun yo. M deside ret tann yon ti moman pou m we si yo pa ta soti. M tou pwofite li pankat ki sou bo pot sona a, sou deyo. Le m di deyo a, se pa nan lari, se sou bo yon pisin fenmen, anndan lotel la. Pankat la ekri an wouj sou fon blan. Sa m li a yon ti jan fe ke m sote. Se avetisman pou tout danje sona a genyen ladan n. Yo di ou konsa:
Pa rete anndan sona a pou kont ou !
Pa kite timoun antre san paran yo pa akonpaye yo.
Pa rete anndan an pou plis pase 15 minit ! Genyen yon revey k ap sonnen apre 15 minit pou fe ou konnen.
Pa rete anndan an si ou komanse santi youn nan bagay sa yo :
- tet fe mal
- vetij
- anvi vomi
- vomisman
- nen k ap koule san
Le m li sa a, m komanse gen dout. Sanble se pa ti chale k ap toufe moun anndan an. M renmen chale se vre, men m pat vin nan peyi blan pou yo kwit mwen ! Se yon ti sona m bezwen pou fe m sonje plaj piblik Karyes pou yon ti moman. M pat vin ba yo kadav ko m pou yo fe chabon ave l… Le neg ki te anndan an soti ato, mwen komanse frikawout tout bon. Misye se yon gwo Meriken byen gra. Figi l te wouj kou yon tomat, telman l ap sue, ou gen enpresyon se anba yon gwo lapli li te ye anndan an, epi l ap soufle tankou si li te fek monte Mon Karate, aloske se chita l te chita pandan tout tan sa a…
Monche m kalkile, m kalkile, m kalkileeeeeeeeeee… Ale, pa ale ? Ale, pa ale ? M di tet mwen : “Si gwo Meriken an te siviv, m dwe kapab fe l tou !” Egal m deside m ap antre, men m tou pare pou m kouri soti kou m komanse santi san m ap bouyi anndan venn mwen. M retire rad sou mwen, sel yon bout pantalon m kenbe sou mwen. M ranmase kouraj mwen, m pran yon gwo respirasyon, epi m antre.
Premye bagay mwen santi, se fredi. M di tet mwen: “Atansyon ! Se ka yon pyej. Petet se chale a ki si telman fo, sevo m gen tan varye, li pran chale a pou fredi !” M gade ko m, m fwote men m, mwen manyen djwed mwen yo pou we si yo pa gen tan fonn. M we tout bagay anplas, epi m kontinye santi ti fredi toujou. M sonje nan kou fizik mwen te aprann van cho monte, van fret desann. M di tet mwen: “Siman se paske mwen ate, mwen pa nan kouran cho a. Se pou m monte sou dezyem ban ki pi anle a pou m ka pran chale a. Kidonk mwen monte sou ban anle a, m chita, m ap tann chale a. M chita, m chita, m chita, m chita… M poko janm pran ankenn chale. Le m voye je m gade, m we gen yon temomet anndan sona a. M gade tanperati a, li di 34 Degre Selsiyis (egal 93 Farenayit). Sa poko chale pou mwen ditou ! Lari Nouyok Siti konn pi cho pase sa, ale we pou Potoprens oswa Dakar !… Se nan sona m vini, se pa yon vyann mwen te retire nan frize vin mete deyo pou glas li ka fonn. Bouton temosta ki kontwole tanperati a sou deyo. M soti, m al gade li. M we li sou 8. M vire l sou 10, ki se maksimom li ka rive. Men fo m di ou, m komanse move. M santi non selman pankat la te twonpe m, men m preske regret mwen te mete nan tet mwen sona se yon gwo zafe.
M antre anndan anko, m al chita anle a, m ap suiv temomet la, epi kounye la a m ap tann vre chale a. Temomet la fe yon ti monte jis 40 Degre Selsiyis (104 Farenayit), epi l ret kanpe la ! M preske pa menm santi diferans la sou po m. Se le sa a revey la sonnen. M retounen mete l pou yon lot 15 minit anko. Aaa, bobin ! Revey la sonnen anko. M rebalanse l pou 15 minit anko. Monche, jis kounye la a, pandan m ap pale ave ou, m pa janm santi pyes chale menm menm menm menm menm. Kanta pou sue a, ou met bliye sa ! Se nan chanm mwen m oblije remonte al pran yon beny dlo cho, byen move.
Pa pale m de sona nan lotel DoubleTree anko!
Wednesday, March 23, 2005
Maryaj posmoden milti-kiltirel milti-spirityel
Friday, March 18, 2005
Djaloki in Portland, Maine - April 9, 2005
HAITI
TIME OF CRISIS, TIME OF HOPE
University of Southern Maine, 206 Payson Smith Hall
April 9, 2005 9:30 am 3:00 pm
A Forum on Haitidesigned to
· Contribute to an awareness of Haitian culture and Haitis long struggle for independence
· Review recent political developments affecting Haiti
· Encourage the formation of a Maine campaign of solidarity with the Haitian people
10:00 am: Featured Speaker Djalòki Dessables
A political activist and scholar, Djalòki Dessables lives in Haiti and travels extensively in Europe and the United States. His interests range widely and he is an experienced communicator of Haitian history and culture. He has long been involved in developing historical preservation projects and in implementing programs that foster leadership skills among Haitian citizens. Exemplifying the long ties between Haiti and the United States, Djalòki Dessables is a descendant of the eighteenth century fur trader and explorer who founded the city of Chicago. He is presently on a lecture tour in the United States.
Noon: bring a bag lunch other refreshments provided
1 P.M. Interactive Panel Discussion
Several people concerned with political, humanitarian, and cultural aspects of Haitian life will join a panel moderated by Wells Staley Mays of Portland. The panel includes Tom Luce, a Haiti solidarity activist from Vermont, Victoria Szatkowski, member of Maine Haiti Solidarity and former resident of Haiti, Jim Harney, a photojournalist who visited Haiti last year, and Reg Gagnon, a veteran humanitarian volunteer. This will be the occasion for a full discussion among panel members and all others as they share knowledge, experience, and ideas. The search is on for just how Maine people can enter into solidarity with the Haitian people and work politically for democracy in Haiti.
3:00 P.M. Wrap up - Victoria Szatkowski
And more! Preceding and during the noonhour, the Kevin Pina film Haiti: Killing the Dream will be shown. At 2:30 PM, Jim Harney will show images taken during his recent trip to Haiti
The Forum is sponsored by Maine Haiti Solidarity, Peace Action Maine, Maine Foreign Affairs Education Fund, NAACP, Pax Christi Maine, and USM student groups.
For more information, contact Victoria Szatkowsk at 772-2622 or Tom Whitney at 743-2183
Sunday, March 6, 2005
Keystone College
For more information visit the Website at
http://www.keystone.edu/TPA/SpringConcertsLectures05.htm#Djaloki Dessables
Saturday, March 5, 2005
New York city
Tuesday, March 1, 2005
Haitian scholar brings awareness in St Mary’s College
Article written by Lynn Sikora, Friday Feb. 25, 2005, in the Observer, Notre Dame and Saint Mary’s College community newspaper, on Djaloki’s lectures.
Link to the article:
http://www.ndsmcobserver.com/news/2005/02/25/News/Haitian.Scholar.Brings.Awareness-877855.shtml
Text of the article:
Haitian scholar brings awareness
Activist visits campus in order to ’stretch minds and hearts’
Haitian scholar and activist Djaloki Dessables has been visiting Saint Mary’s campus this week to deliver a series of interactive presentations to discuss the importance of cross-cultural awareness and the vital need to establish cultural diversity for our own survival as human beings.
“I am here to stretch minds and hearts out of the comfort zone,” Dessables said. “This requires us to be in touch with cultures with non-Western roots.”
Dessables hopes to help people understand the world is diverse. There are many ways to experience the understanding of humanity such as through life, reality and truth.
“I am coming with a gift - an unexpected gift for people who don’t know they need to receive it,” he said. “I hope they will accept it because it is something that cannot be forced.”
Dessables believes some of the answers for a sustainable future can be found in forgotten civilizations because they are considered to be poor, primitive and backwards.
Saint Mary’s is the first stop on Dessables’ American speaking tour of schools and churches. The College established a contact with Dessables when the justice education program held a Haiti immersion course during Fall Break 2003. Dessables said he felt very honored to receive the invitation to speak on campus.
“The future of humanity lies in the hands of women,” Dessables said. “I am very supportive of what women can do for a new real world.”
Dessables’ visit is sponsored by the Center for Women’s InterCultural Leadership, Sisters of Nefertiti, Justice Education Program, InterCultural Studies Program, the department of religious studies, Anthropology Club, Residence Hall Association, Peacemakers and the ND Haiti Program.
Justice education program director Jan Pilarski views the visit as a wonderful way to expose students to a culture of people who have great hope and leadership despite the pain and struggle of their country.
“Haiti is a place of real learning - it is a good way to live,” she said. “They have a deep connection to spiritual life and a sophisticated understanding of world politics in relation to their daily lives.”
Haiti Awareness Week is another attempt to introduce students to other kinds of black history. With an influx of Haitians coming to America, it is vital to understand their African and American roots, Pilarski said.
Notre Dame will hold a public lecture at the Snite Museum on today at 3 p.m. about the vodou art exhibit on display.
“Just looking at the art is not enough - you have to understand it too,” Dessables said.