Saturday, November 19, 2005

Conferencia de Djaloki en la Casa de América (Madrid) - 25 nov 2005

El link es : http://www.casamerica.es/ciencias_sociales/ciencias_sociales_acto.jsp

 

Ciencias sociales / Conferencia
Muchas antiguas sabidurías. Una visión postmoderna: Haití como punto de partida
Conferencia a cargo de Djalòki
Lugar: Sala Miguel de Cervantes
Fecha: 25/11/2005
Horario: 19,00 horas

 

Blog: http://djaloki.blog.com

Djalòki, es Ayitiano[i]de nacionalidad y de corazón. Tiene sangre africana por los antepasados de su padre y sangre europea por los de su madre, y probablemente también sangre indo-americana. Sus padres provienen de los dos extremos de la sociedad ayitiana, sociedad que condiciona a una parte de sus miembros a creerse de raza inferior y a otra de raza superior. Herencia de la esclavitud y del colonialismo.

Djalòki nació en Europa, se formó en África y Europa, ha viajado por el mundo, ha vivido en varios países de tres continentes, pero sus raíces son profundamente ayitianas. Ha elegido vivir actualmente en Ayiti. En Ayiti, en su cultura, su lengua y su religión ha podido encontrar la convergencia de las culturas, de las lenguas y de las religiones, es decir de las cosas importantes, la explicación de lo que mueve su vida y también la seguridad de que el conocimiento de todo ello, y por ende compartirlo, no puede más que hacer avanzar el mundo.

Por haber realizado estudios sobre espiritualidad (animismo, chamanismo, Vodou[ii] ayitiano, Vodún africano, Huna hawaiana, caminos indo-americano, Wicca Europea, Rosicrucianismo, Rastafari, Cristianismo, Islam, Hinduismo, Budismo, Taoísmo, etc...), se propone compartir sus reflexiones para que puedan servir de puente entre pueblos, despertar el recuerdo de las antiguas tradiciones y promover su adaptación a la época actual. También desea ayudar a crear una sociedad postmoderna multicultural, en equilibrio consigo misma y donde todas y todos encuentren un espacio para vivir y desarrollarse plenamente, a la recuperación de las tradiciones antiguas y a la promoción del uso de llaves culturales que permitan entender mejor el mundo que nos rodea, entendernos mejor y manifestar nuestro más bello potencial.

Posted by Djaloki at 17:01:26 | Permanent Link | Comments (1) |

Tuesday, November 15, 2005

Dife nan babilòn.

14 vil anba kouvrefe an Frans; tout peyi a nan etadijans.  Jèn imigre Afriken 2zyèm jenerasyon sou santye lagè nan lari...  Babylon is burnin' !  Mwen pral a Pari dimanch...  Ayabonmbe !

M ap fè yon konferans lòt semèn nan yon gwo sant kilitirèl nan mitan Madrid (Casa de América).  Radyo Nasyonal Lespay ap vin fè yon entèvyou avè m.  Ayabonmbe !

~Djalòki~

Posted by Djaloki at 21:46:59 | Permanent Link | Comments (0) |

Saturday, November 12, 2005

The times we are living

Our minds and bodies are changing, just as our Souls are adapting to the cosmic changes Mother Earth is going through.  And, as expectable in the times we are living, these changes happen first in Ayiti...  We are tearing ourselves in 2 parts, leaving the old behind with those who do not want to evolve, and embracing the new with an accelerated rearrangement of our very DNA and mental wirings.  The process is brutal and painful, but it is still affordable and viable.  The Wise Ones tell us that those who are going through the painful changes now are lucky, because the more we go ahead into the chaotic transition, the more painful and unbearable this process will be, with more risks of failure for the unprepared or unwilling.

~Djalòki~

Posted by Djaloki at 05:59:54 | Permanent Link | Comments (0) |

Friday, November 11, 2005

The Making Of... Diskou Devandèyè

Anpil moun mande m kote m te jwenn tèks "Vre diskou Kandida Devandèyè" a.  Genyen moun ki menm voye felisitasyon ban mwen.

Fòk mwen di se yon tradiksyon adapte mwen te fè sou yon tèks ann Espayòl yon moun te voye ban mwen.  Moun nan te resevwa l nan men yon lòt moun, egal li pa konn sous tèks la.  Se sa k fè mwen te pran swen pa siyen tèks la pou m pa vòlè patènite li.

Teknik la pa two difisil.  Si ou gade estrikti tèks la byen, w ap konprann li, e oumenm tou w ap kapab fè yon tèks sanblab.  Prensip de baz la, se pou altène liy ki di an gwo:

ou mèt sèten

m ap fè sa ki bon

men pa panse

m ap fè sa ki mal

ou mèt sèten

m ap fè sa ki bon

men pa panse

m ap fè sa ki mal

Epi ou mete yon fraz spesyal pou debi ak fen an.  Ou mèt eseye.  Amize w byen !

Si ou vle wè tèks orijinal Espayòl la, klike sou "READ MORE".

~Djalòki~

Posted by Djaloki at 15:41:43 | Permanent Link | Comments (0) |

Thursday, November 10, 2005

Vre diskou kandida Devandèyè

(Lè ou fin li l, rekomanse depi anba epi monte)

Anndan gouvènman pa m nan

m ap toujou respekte pwomès mwen

se sèl kèk malandren malveyan ki ka kwè

mwen pap elimine koripsyon

paske gen yon bagay ki klè

se verite ak lalwa k ap gide m

pou mwen atenn objektif mwen

sa ta yon gwo erè pou nou panse

m ap kite vòlè fè kenken anndan gouvènman m

tankou sa te konn toujou fèt

mwen sèmante 77 fwa 7 fwa

se pou Pèp la m ap travay

malgre sa toujou genyen egare ki kwè

m ap gouvène an koken

kou m chita nan fotèy la

ni mounpa ni magouy kaba

mwen pap janm pèmèt pou

pitit nou yo mouri grangou

e map toujou atenn objektif mwen menm si

tout kès leta fin blanch nèt

m ap egzèse tout pouvwa m pou

tout moun fin konprann

kiyès mwen ye toutbon

(reli tèks la an montan)

Posted by Djaloki at 19:15:44 | Permanent Link | Comments (0) |

Saturday, November 05, 2005

Sou tras Gede, Ogou ak Ezili nan Panyol

Mwa Gede sou manman tè lakretyente

Mwen nan Panyòl, ann Espay.  Pèp Panyòl Despay konsidere tè yo kòm manman tè lakretyente jis kounye a.  Pou yo di : "Pale an bon lanng Panyòl pou m ka konprann", yo di : "Pale kretyen".

Mwen pase nan yon ti vil ki rele Simancas, nan aglomerasyon Valladolid ki nan pwovens Castilla y León.  Yo montre m yon kokennchenn bibliyotèk legliz katolik ki genyen anpil dokiman orijinal ansyen ansyen.  Yo fè m konprann anpil achiv sou lenkizisyon ap fè pil nan bibliyotèk sa a.  Men yo pa kite piblik la antre…

Valladolid se vil kote Kristòf Kolon te vin fini rès lavi li.  M imajine li dwe planifye kèk ti dans banda nan lakou lakay li pou mwad novanm sa a…

Yon pelerinaj kretyen pou Papa Ogou

Mwen te fè 3 jou nan Ponferrada, youn nan etap pelerinaj yo rele Chimen Sen Jak la, ki rive jis nan Santiago de Compostela, kote yo di yo te jwenn tonm apot Jak.  Depi nan mwayenaj, kretyen ap soti byen lwen ann Ewòp ak nan Moyenoryan pou yo fè pelerinaj sa a.  Kòm tout zòn sa yo te enfeste ak zenglendo san manman tribòbabò, se Tanpliye yo ki te konn bay peleren yo pwoteksyon sou Chimen an.  Konfreri Tanpliye yo sete yon fratènite inisyatik relijye militè Kretyen ki te konn al fè kwazad pou Pap la.  Yo te gen kèk bon konesans mistik ak syantifik e yo sete gwo gwo gerye devan Letènèl (nan kritè ewopeyen); gwo vòlè-piyajè-kadejakè devan mizilman yo tou…  Mwen te vizite kèk vestij chato Tanpliye nan Ponferrada.  Nan vil sa a kounye a, prèske tout biznis gen "Tanpliye" nan non yo (an Panyòl: Templarios).

Sanble apot Jak te yon gwo gerye tou, toujou nan kritè ewopeyen.  Yo toujou reprezante li ak yon gwo epe nan men l, menm sou stati yo fè pou li anndan legliz (bazilik) Santiago a.  Mèt tèt li sete papa Ogou.  Se sa k fè yo konn sèvi ak imaj li (Sen Jak Majè) pou reprezante Ogou ann Ayiti.  Men nou genyen anpil zansèt pi vanyan toujou ki te sèvi Jeneral Ogou kòm kavalye prensipal.  Sa k gen zorèy pou tande, tande.

Metrès Èzili Freda nan monastè kamelit

Soti nan vil Valladolid, mwen pase Ávila, kote Sent Terèz te souke relijyon kretyen an nan monastè kamelit li.  Sent Terèz Davila te viv fòs lespri anndan kò li nan fason ewotik-ògasmik.  Moun ki te konnen li di bèlte fanm sa a pa t gen parèy, menm lè li antre nan laj granmoun.  Met sou sa li te renmen abiye bwodè e li te konn mete pafen bon kalite sou li.  Yo di tout gason ki te wè li te toujou tonbe damou pou li; ata wa despay la menm.  Li te konn sa bèlebyen, e li jwe sou sa pou l jwenn sipò gwo zouzoun nan politik ak nan legliz, men yo di li pa janm kite yo pran pye sou li.  Sèl relasyon entim li te genyen vreman sete ak Bondye menm. Yo te respekte l anpil anpil pou sa.  Pandan lòt kretyen toujou rele Bondye Papa, Sent Terèz te rele l Nonm Dous li, mari li.

Kreyòl pale, Kreyòl konprann.  Sent Terèz Davila sete chwal Èzili Freda Dawome.  Yon manbo Ginen akonpli.  Li kite tras li byen fon byen fò pou Kretyen Ewopeyen ka konprann relasyon ant vizib ak envizib, lamatyè ak lespri, kò ak nanm, sansasyon ak enspirasyon.  Anpil nan nou gen anpil pou nou aprann nan domèn sa yo toujou…  Annatandan, n a sonje nou gen anpil fanm vanyan nan zansèt nou yo ki te sèvi Metrès Freda Dawome ak panach, menm jan ak Sent Terèz Davila.

Ayibobo pou zansèt Sèltik, Vizigo ak Iberik

Pandan plizyè syèk, Pèp Sèltik, Vizigo ak Iberik te reziste kont enperyalis-esklavajis Women yo ki te vòlè tè yo ak lò yo nan zòn kote mwen te ye semèn pase.  Women yo te rele yo pèp Baba (Barbares), yo di yo pa sivilize e relijyon yo se sipèstisyon.  Sa fè m sonje kichoy ki familye…

Respè pou Zansèt Sèltik, Vizigo ak Iberik.

Respè pou tout moun ki dakò pou nou geri listwa ak zansèt nou yo ansanm.

Èzili, trase yon vèvè pou mwen !

Ogou, mache non !

Gede, taye banda w !

~Djalòki~

Arenas de San Pedro (Ávila)

5 novanm 2005

Posted by Djaloki at 08:01:34 | Permanent Link | Comments (0) |