Saturday, December 10, 2005

M la, m pa la.

Jiska prezan, mwen resi kenbe fokis mwen sou enèji “anlè” yo, men se yon gwo batay chak fwa mwen sot deyò nan lari.  Reyalite anbyan an ba, li lou, li negatif, li fitil, li gen laperèz anpil, egal m ap viv nan yon lòt reyalite ki pa matche menm ak vibrasyon pi fò rès moun yo.  Mwen gen entansyon kenbe pwotokòl sa a.  Li pi bon pou mwen, e m kwè li ka pèmèt mwen ede lòt moun tou, men m pa konn ki efè segondè li ka genyen, m pa konn si li posib pou m kenbe konsa pandan m ap eseye fonksyone nòmalman nan Potoprens.  Sa fè m sonje Mèt Yechwa lè li te di “Mwen nan monn sa a, men mwen pa fè pati ladann”.  M ap suiv pou m wè…

Posted by Djaloki at 18:34:20 | Permalink | Comments (3)