Tuesday, January 17, 2006

3 Innocents and a Spirit - a N a Sonje Foundation US Tour

The "N a Sonje" Foundation, created by Carla, Ari and Djalòki in 2000, will be on the road for 3 months around the USA from February 1st, 2006.   The purpose of the tour is to raise funds for the launching of the Memory Village.  Dates and itinerary will follow later.

More information just below (you may have to click on "READ MORE" to open the rest of this document). Sorry for the (temporary) lousy formatting.

Posted by Djaloki at 15:08:23 | Permanent Link | Comments (3) |

Thursday, January 05, 2006

Normal Abnormalities of the Chaotic Order

We are living the expected unexpected of the normal abnormalities proper to any chaotic order of a continuous change... And it is alright that some of us should feel it wrong. If we accept our present (another word for gift) and surrender to the Higher Purpose, we will regain influence over the trivial aspects of our future.

Just taoistically musing...

~Djalòki~

Posted by Djaloki at 09:53:15 | Permanent Link | Comments (0) |

Everything Haitian

Mwen fèk ajoute yon sit nan kategori "Ayitian Connection":
Everything Haitian
Posted by Djaloki at 09:21:31 | Permanent Link | Comments (3) |

Saturday, December 31, 2005

Mesaj pou 2006 : Veye yo!

Depi 199 van, anpil Ayisyen ki pa antre nan chimen konn tèt yo ap selebre endepandans swadizan premye repiblik nwa sou latè chak premye janvye, jan yo wè li ekri nan liv listwa Blan ekri "pou nou"... Mwen byen di depi 199 van, sa vle di depi premye janvye 1807 sèlman pawòl "premye repiblik nwa" sa a lage nan lari, pa depi 1804, malgre nou te endepandan depi novanm 1803 deja, e nou deklare endepandans nou devan tout nasyon sou latè premye janvye 1804. Kidonk, sa vle di gen yon bagay ki te pase an 1806 ki vin mete pawòl sa a nan lari.

Ou pa bezwen yon gwo istoryen pou fè tèt ou mache epi pran 2-3 ti bagay ou konnen (ke blan menm ba nou nan liv "nou"), mete yo ansanm pou konprann yon pi gwo bagay (ke yo pa mete nan liv "nou", e ke y ap fè jefò pou anpeche w konnen). An 1804, Zansèt nou yo pa t kreye yon repiblik. Sa klè nan tout tèks, sa klè nan konstitisyon 1805, epi kote ou janm wè yon repiblik ki se yon lanperè k ap dirije l ?... Repiblik se te modèl Franse, ki te baze sou prensip ak valè kilitirèl Ewopeyen/oksidantal, epi sitou, li te baze sou gwo kokennchenn manti kòmkidire tout moun egalego. Men sonje byen: lè Lafrans fè revolisyon l ak gwo deklarasyon swadizan "inivèsèl" dwa moun, li te toujou yon nasyon kolonyasis, esklavajis, rasis ki pa rekonèt dwa "inivèsèl" pou nèg nwè. Se sa k fè nou te setoblije fè revolisyon pa nou an kèk lane pi ta. Lè Etazini fè revolisyon pa l, yo di se pèp la (We the People) ki vin granmoun tèt li, men yo pa t konte pakèt nèg ak nègès nwè nan pami "pèp" la, yo pa t menm konte yo kòm moun a 100%. Egal tout rablabla yo sou libète, demokrasi, dwa moun elatriye, se bobin pou nou.

Men lè Ayiti fè revolisyon pa l, se pa t menm bagay. Lè nou di nou lib, nou di l pou tout moun anndan peyi a. Nou di koze lesklavaj, sa kaba bò isit la ! Sa vle di:

AYITI SE PREMYE NASYON LIB SOU LATÈ !

E sonje nou te di:

AYITI PA T YON REPIBLIK LÈ SA A...

E depi kilè nou pran modèl Franse a (repiblik) mete l sou do nou ? E ki sa ki pase lè nou tounen yon repiblik ?

Endepandans Ayiti te souke sistèm eksplwatasyon Blan te tabli sou prèske tout latè pou vin rich sou do lòt pèp. Yo te wè Desalin kòm yon lenmi piblik nimewo en, kòm si w ta di Benn Ladenn jodi a. Pi gwo pisans militè alepòk sete Lafrans, tankou Etazini jodi a. Dayè Lafrans te bay Etazini anpil jarèt pou ede l kanpe sou 2 pye epi tabli pisans pa l, tankou sa Etazini ap fè pou Izrayèl jodi a. Kidonk Lafrans degaje gèt li pou elimine Desalin. Yo fè konplo ak akolit yo te genyen ann Ayiti pou yo touye Lanperè a. Men se pa Lanperè sèlman yo te touye an 1806, se PREMYE NASYON LIB yo t ap vin remete anba dominasyon yo.

Gade sa ki pase, mwen pa p twò etann mwen sou katastwòf mondyal sa a, men ou kapab fè pwòp refleksyon pa w, ak pwòp rechèch pa w tou:

Apre sasinay Lanperè Desalin, Petyon vin monte prezidan!... Mwen fè nou sonje Petyon sete yon ofisye lame Franse ki te retounen ann Ayiti antanke yon chèf anndan ekspedisyon Leklè ki t ap vin retabli lesklavaj ann Ayiti... Epi, men sa nou fè ak peyi lib nou an:
1- Nou pran modèl politik Franse: repiblik
2- Nou ofisyalize lanng Franse kòm lanng pouvwa
3- Nou pran sistèm legal Franse: kòd napoleyonyen
4- Nou pran modèl ekonomik Franse: kapitalis
5- Nou pran relijyon Franse: katolik
6- Nou pran modèl swadizan "edikasyon" Franse (nou gen anpil pou nou pale sou sa a...)
7- Nou kenbe sistèm sosyal Franse kolonyal ak moun anwo / moun anba, moun po nwa / moun po klè
8- Nou pran drapo Franse: pa kite moun di w se Desalin (ni Katrin Flon) ki te kreye drapo Ayisyen ble ak wouj la, drapo Desalin te nwa ak wouj (li premye konstitisyon Ayiti a - 1805), men se pa sa sèlman; gade drapo Ayisyen an byen, nou pran abitid rele bikolò epi di li ble ak wouj, men li genyen yon gwo kare blan nan mitan. Drapo nou rele drapo Ayisyen an, se drapo Franse li ye...

AN 1806 NOU TE PÈDI LIBÈTE NOU!

Nou pa gen 202zan endepandans an 2006, nou te fè 2zan endepandan sèlman.

Depi 2001, ak selebrasyon pou Tousen Louvèti yo, Lafrans ap eseye repran dominasyon sou Ayiti ke li te pèdi na men Etazini. Mwen sispèk y ap vle pwofite anivèsè 200zan repiblik la (egal 200zan dominasyon kolonyalis) pou yo repran plas mèt yo sou pèp Ayisyen. Genyen rezon politik, ekonomik ak kilitirèl-lengwistik pou sa, nou ka pale sa yon lòt lè. Mwen sispèk y ap vle rekipere enèji dat 17 Oktòb la pou yo ranfòse pozisyon yo epi fè nou bliye sa ki pase ane sila a. Sa pap etone m si w gen dezòd nan lari depi nan zòn mwa dout-septanm 2006 konsa, pou yo kapab kouvri selebrasyon potansyèl 17 Oktòb 2006, menm jan sa te fèt pou premye Janvye 2004.

N a pale plis sou sa. Mwen te vle kite mesaj sa a pou antre nan lane 2006, lane bisantnè remonte sistèm lesklavaj ann Ayiti...

VEYE YO !!!

~Djalòki~
Posted by Djaloki at 19:13:01 | Permanent Link | Comments (1) |