Monday, November 08, 2004

PREMYE PAWÒL (KREYÒL)

Si ou se Moun, e si ou te di: Onè!, nou di ou: Respè ak Reverans!  Nou kontan wè ou nan Lakou sa a ki se "web log" Djalòki.
 
"Blog" sa a fèt nan 312e jou lane Bisantnè Endepandans Ayiti, ki 255e jou okipasyon militè etranje.  Dat konvansyonèl la se 7 Novanm 2004.  "Blog" sa a rele "PAWÒL APRANTI-SAJ (Memwa yon Apranti-Saj sou chimen Liberasyon, Levasyon, Konesans ak Lasajès Fran Ginen)".  Adrès Lakou a se http://djaloki.blog.com
 
ENTANSYON "PAWÒL APRANTI-SAJ"
 
Entansyon "Pawòl Apranti-Saj", nan moman kreyasyon li, se:
 
 - Kristalize epi pataje lide Djalòki nan evolisyon li sou chimen Liberasyon, Levasyon, Konesans ak Lasajès Fran Ginen;
- Kite yon ti tras eksperyans lavi ak evolisyon Djalòki pou pitit li Chrystèle, epi pou 21 Jenerasyon k ap vini dèyè yo;
- Kreye yon espas kote Djalòki kapab rankontre, echanje lide, epi devlope rezo afinite ak lòt Moun ki sou chimen evolisyon pa yo.
 
Pi fò dokiman nan "Pawòl Apranti-Saj" se bagay Djalòki pwodui, kit se refleksyon, kit se fiksyon, kit se pwezi, oubyen lòt bagay.  Ap gen sitasyon lòt Moun tou, epi lyen Entènèt sou lòt sit osnon lòt "Blog" sou rezo a.  Djalòki ap mete kèk ekstrè l ap tire nan mesaj li ekri lòt Moun epi nan sa lòt Moun ekri li tou.  Pawòl korespondan Djalòki yo ap rete anonim, sòf pou rezon èspesyal, e si Moun nan dakò.  Vizitè Lakou a gen posibilite ekri kòmantè sou tèks y ap li yo.
 
LANNG "PAWÒL APRANTI-SAJ"
 
Lanng prensipal "Pawòl Apranti-Saj" la se Lanng Ayisyen an yo rele Kreyòl.
Lanng segondè "Pawòl Apranti-Saj" yo se Angle, Franse ak Panyòl.
Nenpòt lòt lanng gen plas li tou nan "Pawòl Apranti-Saj".
Gen dokiman k ap genyen plizyè lanng diferan ladan yo.  Kèk pawòl ap jwenn tradiksyon, men pa tout.
 
KATEGORI DOKIMAN YO
 
Dokiman "Pawòl Apranti-Saj" ap klase nan 9 kategori prensipal, nan chak lanng:
 
1- Spirityalite
2- Kilti
3- Politik
4- 4 Kò Ras Djalòki
5- Tèks Djalòki
6- Tèks Lòt Moun
7- Konferans & Atelye 21 Jenerasyon
8- Divès
9- Lyen Entènèt
 
Chak kategori prensipal ap genyen plizyè sou-kategori anndan li.
 
POU PITIT MWEN, NAN RESPÈ ZANSÈT MWEN YO
 
Mwen, Djalòki Ntjitjagâgi Jean Luc Benjamin Dessables, mwen ofri "Pawòl Apranti-Saj" sa a bay pitit mwen: Marie-Reine Chrystèle Desmangles Dessables ak tout Lanmou ak Benediksyon patènèl mwen.  Respè pou Manman li: Michèle Desmangles.
 
Nan Lanmou ak Respè maksimòm, mwen remèsye Manman m: Marie-Claire Yolande Moreau Benjamin, ak Papa m: Antoine Necker Souffrant Dessables, pou Lavi, Lanmou, Pwoteksyon ak Levasyon yo ba mwen nan gwo sakrifis pèsonèl.
 
Respè pou 21 Jenerasyon Zansèt mwen yo, ak tout sa ki te la anvan yo.
 
Respè pou 21 Jenerasyon Pititpitit mwen yo, ak tout sa k ap vini apre yo.
 
Respè pou Myriam, Richard "Icha" Salvador, David, Diane, Assane e pou tout sa k ap vini dèyè yo.
 
Respè pou M.N.R. ki spesyal anpil nan lavi m.
 
Respè pou Emma, ki akonpaye m sou chimen an.
 
Respè pou tout matant, monnonk, kouzin, kouzen, sè ak frè nan Lespri, ak zanmi m yo, ansanm ak tout Moun ki enspire m yo.
 
Respè pou Pèp Ayisyen, pèp rezistan vanyan, pou tout Zansèt nou yo, pou tout pitit Manman Latè Gaya.
 
Respè pou tout gid ak gadyen spirityèl mwen yo, Tibonnanj mwen, Gwobonnaj mwen, Zetwal mwen ak tout eskòt Lespri mwen yo.
 
Mèsi anpil, epi Respè pou Casey Wolf ak John Engle ki te fè m konnen sa yon "blog" ye.
 
 
Lapè ~ Respè ~ Lanmou ~ Sajès ~ Libète
~ Djalòki ~
Posted by Djaloki at 00:12:10 | Permanent Link | Comments (1) |
Comments
1 - One` Fwe` m - Respe` pou w e zanset yo, lwa e tout moun yo. M byen kontan pou w te` fe` yon kote pou pataje. Mespere, anpil e dives zanmi ka jwen, epi nou ka aprann lo`t lide nou genyen. M te` tande w di, \\\\\\\\\\\\\\\"Chak kilti genyen bon lide, bagay pou pataje - tout posib si nou pataj ak respe`, SAN awogans.\\\\\\\\\\\\\\\" Mwen eseye jwen wout san awogans. Mesi` anpil, AYIBOBO! yaya (Comment this)

Written by: victoria irina yaya szatkowski at 2004/12/03 - 21:35:17
Write a comment