Sunday, January 1, 2006

Mesaj pou 2006 : Veye yo!

Depi 199 van, anpil Ayisyen ki pa antre nan chimen konn tèt yo ap selebre endepandans swadizan premye repiblik nwa sou latè chak premye janvye, jan yo wè li ekri nan liv listwa Blan ekri “pou nou”… Mwen byen di depi 199 van, sa vle di depi premye janvye 1807 sèlman pawòl “premye repiblik nwa” sa a lage nan lari, pa depi 1804, malgre nou te endepandan depi novanm 1803 deja, e nou deklare endepandans nou devan tout nasyon sou latè premye janvye 1804. Kidonk, sa vle di gen yon bagay ki te pase an 1806 ki vin mete pawòl sa a nan lari.

Ou pa bezwen yon gwo istoryen pou fè tèt ou mache epi pran 2-3 ti bagay ou konnen (ke blan menm ba nou nan liv “nou”), mete yo ansanm pou konprann yon pi gwo bagay (ke yo pa mete nan liv “nou”, e ke y ap fè jefò pou anpeche w konnen). An 1804, Zansèt nou yo pa t kreye yon repiblik. Sa klè nan tout tèks, sa klè nan konstitisyon 1805, epi kote ou janm wè yon repiblik ki se yon lanperè k ap dirije l ?… Repiblik se te modèl Franse, ki te baze sou prensip ak valè kilitirèl Ewopeyen/oksidantal, epi sitou, li te baze sou gwo kokennchenn manti kòmkidire tout moun egalego. Men sonje byen: lè Lafrans fè revolisyon l ak gwo deklarasyon swadizan “inivèsèl” dwa moun, li te toujou yon nasyon kolonyasis, esklavajis, rasis ki pa rekonèt dwa “inivèsèl” pou nèg nwè. Se sa k fè nou te setoblije fè revolisyon pa nou an kèk lane pi ta. Lè Etazini fè revolisyon pa l, yo di se pèp la (We the People) ki vin granmoun tèt li, men yo pa t konte pakèt nèg ak nègès nwè nan pami “pèp” la, yo pa t menm konte yo kòm moun a 100%. Egal tout rablabla yo sou libète, demokrasi, dwa moun elatriye, se bobin pou nou.

Men lè Ayiti fè revolisyon pa l, se pa t menm bagay. Lè nou di nou lib, nou di l pou tout moun anndan peyi a. Nou di koze lesklavaj, sa kaba bò isit la ! Sa vle di:

AYITI SE PREMYE NASYON LIB SOU LATÈ !

E sonje nou te di:

AYITI PA T YON REPIBLIK LÈ SA A…

E depi kilè nou pran modèl Franse a (repiblik) mete l sou do nou ? E ki sa ki pase lè nou tounen yon repiblik ?

Endepandans Ayiti te souke sistèm eksplwatasyon Blan te tabli sou prèske tout latè pou vin rich sou do lòt pèp. Yo te wè Desalin kòm yon lenmi piblik nimewo en, kòm si w ta di Benn Ladenn jodi a. Pi gwo pisans militè alepòk sete Lafrans, tankou Etazini jodi a. Dayè Lafrans te bay Etazini anpil jarèt pou ede l kanpe sou 2 pye epi tabli pisans pa l, tankou sa Etazini ap fè pou Izrayèl jodi a. Kidonk Lafrans degaje gèt li pou elimine Desalin. Yo fè konplo ak akolit yo te genyen ann Ayiti pou yo touye Lanperè a. Men se pa Lanperè sèlman yo te touye an 1806, se PREMYE NASYON LIB yo t ap vin remete anba dominasyon yo.

Gade sa ki pase, mwen pa p twò etann mwen sou katastwòf mondyal sa a, men ou kapab fè pwòp refleksyon pa w, ak pwòp rechèch pa w tou:

Apre sasinay Lanperè Desalin, Petyon vin monte prezidan!… Mwen fè nou sonje Petyon sete yon ofisye lame Franse ki te retounen ann Ayiti antanke yon chèf anndan ekspedisyon Leklè ki t ap vin retabli lesklavaj ann Ayiti… Epi, men sa nou fè ak peyi lib nou an:
1- Nou pran modèl politik Franse: repiblik
2- Nou ofisyalize lanng Franse kòm lanng pouvwa
3- Nou pran sistèm legal Franse: kòd napoleyonyen
4- Nou pran modèl ekonomik Franse: kapitalis
5- Nou pran relijyon Franse: katolik
6- Nou pran modèl swadizan “edikasyon” Franse (nou gen anpil pou nou pale sou sa a…)
7- Nou kenbe sistèm sosyal Franse kolonyal ak moun anwo / moun anba, moun po nwa / moun po klè
8- Nou pran drapo Franse: pa kite moun di w se Desalin (ni Katrin Flon) ki te kreye drapo Ayisyen ble ak wouj la, drapo Desalin te nwa ak wouj (li premye konstitisyon Ayiti a - 1805), men se pa sa sèlman; gade drapo Ayisyen an byen, nou pran abitid rele bikolò epi di li ble ak wouj, men li genyen yon gwo kare blan nan mitan. Drapo nou rele drapo Ayisyen an, se drapo Franse li ye…

AN 1806 NOU TE PÈDI LIBÈTE NOU!

Nou pa gen 202zan endepandans an 2006, nou te fè 2zan endepandan sèlman.

Depi 2001, ak selebrasyon pou Tousen Louvèti yo, Lafrans ap eseye repran dominasyon sou Ayiti ke li te pèdi na men Etazini. Mwen sispèk y ap vle pwofite anivèsè 200zan repiblik la (egal 200zan dominasyon kolonyalis) pou yo repran plas mèt yo sou pèp Ayisyen. Genyen rezon politik, ekonomik ak kilitirèl-lengwistik pou sa, nou ka pale sa yon lòt lè. Mwen sispèk y ap vle rekipere enèji dat 17 Oktòb la pou yo ranfòse pozisyon yo epi fè nou bliye sa ki pase ane sila a. Sa pap etone m si w gen dezòd nan lari depi nan zòn mwa dout-septanm 2006 konsa, pou yo kapab kouvri selebrasyon potansyèl 17 Oktòb 2006, menm jan sa te fèt pou premye Janvye 2004.

N a pale plis sou sa. Mwen te vle kite mesaj sa a pou antre nan lane 2006, lane bisantnè remonte sistèm lesklavaj ann Ayiti…

VEYE YO !!!

~Djalòki~

Posted by Djaloki in 00:13:01 | Permalink | Comments (3)

Saturday, December 24, 2005

Larenn Kongo ak Tonton Nwel

Ayiti ap leve pou li liminen planèt la lè Ayisyen ap sonje kiyès yo ye.  Lè sa a, n ap vire anndan n pou n al chèche solèy Larenn Kongo nou olye pou nou vire deyò pou n tann lànèj Tonton Nwèl yo…  Ak tout respè pou Tonton Nwèl ak tout sa ki kwè ladan n !

Bèl Sòlstis, bèl Kwanzaa, bèl Anivèsè Lendepandans !

~Djalòki~

Posted by Djaloki in 17:18:39 | Permalink | Comments (2)

Saturday, November 5, 2005

Sou tras Gede, Ogou ak Ezili nan Panyol

Mwa Gede sou manman tè lakretyente

Mwen nan Panyòl, ann Espay.  Pèp Panyòl Despay konsidere tè yo kòm manman tè lakretyente jis kounye a.  Pou yo di : “Pale an bon lanng Panyòl pou m ka konprann”, yo di : “Pale kretyen”.

Mwen pase nan yon ti vil ki rele Simancas, nan aglomerasyon Valladolid ki nan pwovens Castilla y León.  Yo montre m yon kokennchenn bibliyotèk legliz katolik ki genyen anpil dokiman orijinal ansyen ansyen.  Yo fè m konprann anpil achiv sou lenkizisyon ap fè pil nan bibliyotèk sa a.  Men yo pa kite piblik la antre…

Valladolid se vil kote Kristòf Kolon te vin fini rès lavi li.  M imajine li dwe planifye kèk ti dans banda nan lakou lakay li pou mwad novanm sa a…

Yon pelerinaj kretyen pou Papa Ogou

Mwen te fè 3 jou nan Ponferrada, youn nan etap pelerinaj yo rele Chimen Sen Jak la, ki rive jis nan Santiago de Compostela, kote yo di yo te jwenn tonm apot Jak.  Depi nan mwayenaj, kretyen ap soti byen lwen ann Ewòp ak nan Moyenoryan pou yo fè pelerinaj sa a.  Kòm tout zòn sa yo te enfeste ak zenglendo san manman tribòbabò, se Tanpliye yo ki te konn bay peleren yo pwoteksyon sou Chimen an.  Konfreri Tanpliye yo sete yon fratènite inisyatik relijye militè Kretyen ki te konn al fè kwazad pou Pap la.  Yo te gen kèk bon konesans mistik ak syantifik e yo sete gwo gwo gerye devan Letènèl (nan kritè ewopeyen); gwo vòlè-piyajè-kadejakè devan mizilman yo tou…  Mwen te vizite kèk vestij chato Tanpliye nan Ponferrada.  Nan vil sa a kounye a, prèske tout biznis gen “Tanpliye” nan non yo (an Panyòl: Templarios).

Sanble apot Jak te yon gwo gerye tou, toujou nan kritè ewopeyen.  Yo toujou reprezante li ak yon gwo epe nan men l, menm sou stati yo fè pou li anndan legliz (bazilik) Santiago a.  Mèt tèt li sete papa Ogou.  Se sa k fè yo konn sèvi ak imaj li (Sen Jak Majè) pou reprezante Ogou ann Ayiti.  Men nou genyen anpil zansèt pi vanyan toujou ki te sèvi Jeneral Ogou kòm kavalye prensipal.  Sa k gen zorèy pou tande, tande.

Metrès Èzili Freda nan monastè kamelit

Soti nan vil Valladolid, mwen pase Ávila, kote Sent Terèz te souke relijyon kretyen an nan monastè kamelit li.  Sent Terèz Davila te viv fòs lespri anndan kò li nan fason ewotik-ògasmik.  Moun ki te konnen li di bèlte fanm sa a pa t gen parèy, menm lè li antre nan laj granmoun.  Met sou sa li te renmen abiye bwodè e li te konn mete pafen bon kalite sou li.  Yo di tout gason ki te wè li te toujou tonbe damou pou li; ata wa despay la menm.  Li te konn sa bèlebyen, e li jwe sou sa pou l jwenn sipò gwo zouzoun nan politik ak nan legliz, men yo di li pa janm kite yo pran pye sou li.  Sèl relasyon entim li te genyen vreman sete ak Bondye menm. Yo te respekte l anpil anpil pou sa.  Pandan lòt kretyen toujou rele Bondye Papa, Sent Terèz te rele l Nonm Dous li, mari li.

Kreyòl pale, Kreyòl konprann.  Sent Terèz Davila sete chwal Èzili Freda Dawome.  Yon manbo Ginen akonpli.  Li kite tras li byen fon byen fò pou Kretyen Ewopeyen ka konprann relasyon ant vizib ak envizib, lamatyè ak lespri, kò ak nanm, sansasyon ak enspirasyon.  Anpil nan nou gen anpil pou nou aprann nan domèn sa yo toujou…  Annatandan, n a sonje nou gen anpil fanm vanyan nan zansèt nou yo ki te sèvi Metrès Freda Dawome ak panach, menm jan ak Sent Terèz Davila.

Ayibobo pou zansèt Sèltik, Vizigo ak Iberik

Pandan plizyè syèk, Pèp Sèltik, Vizigo ak Iberik te reziste kont enperyalis-esklavajis Women yo ki te vòlè tè yo ak lò yo nan zòn kote mwen te ye semèn pase.  Women yo te rele yo pèp Baba (Barbares), yo di yo pa sivilize e relijyon yo se sipèstisyon.  Sa fè m sonje kichoy ki familye…

Respè pou Zansèt Sèltik, Vizigo ak Iberik.

Respè pou tout moun ki dakò pou nou geri listwa ak zansèt nou yo ansanm.

Èzili, trase yon vèvè pou mwen !

Ogou, mache non !

Gede, taye banda w !

~Djalòki~

Arenas de San Pedro (Ávila)

5 novanm 2005

Posted by Djaloki in 13:01:34 | Permalink | Comments (2)

Monday, May 2, 2005

Djaloki nan Savannah

Alo Fanmi m yo,
Lone ak Reverans pou nou !
 
Mwen nan lotel DoubleTree Historical Savannah.  Chanm mwen bay sou Franklin Square, kote yo genyen pwoje mete moniman pou Ayisyen ki te patisipe nan batay Savannah an 1779.
 
Mwen te ale nan Mize istorik Savannah a (http://www.chsgeorgia.org/shm/home.htm).  Yo pase yon fim ki pa di ni krik ni krak sou Ayisyen yo.  Apre sa m al mande moun ki resevwa vizite yo si genyen kichoy sou Ayisyen nan mize a.  Li di m : Non, men gen kek gwo zotobre ki te vini mwa pase, yo te pale sou sa, e yo te fe yon gwo festen !  M al vizite mize a kanmenm.  MEN SA M JWENN :
 
Nan mitan sal prensipal mize a, genyen yon ti stati (’buste”) Tousen Louveti, ansanm ak yon let misye te ekri ak pwop men l, plis yon teks esplikasyon; tout sa sou yon sipo (“socle”) epi anndan yon vit.  Se tankou yon ti moniman nan mitan mize a, kote tout moun oblije pase.  Ou pa ka rate li.  Mwen pran kek foto.  Mwen poko devlope yo, men m pa konnen si y ap soti byen akoz vit la ki t ap reflete limye flach la.
 
Teks esplikasyon an bay kek enfomasyon sou batay Savannah a.  M pa gen tan re-ekri li net kounye a, m a ba nou li yon lot le, men m ap ba nou enskripsyon ki anba teks la :
 
“Presented to the City of Savannah by the President of Haiti: Jean-Bertrand Aristide.
 
Yo pat bay dat.
 
Let Tousen an te difisil pou dechifre anpil, men m kwe mwen resi konprann li (mwen mete pwen dentewogasyon kote m pa fin seten sa li ekri a).  Men sa li di :
 
“Limbe, 8 Aout 1792.
 
Toussaint Breda,
Chef des Revoltes,
General des Armees du Roy.
 
Freres et soeurs,
 
Je suis Toussaint Louverture.  Mon nom s’est peut-etre fait connaitre jusqu’a vous.  J’ai entrepris (?) la vengeance de ma race.  Je veux que la Liberte et l’Egalite regnent a St Domingue.  Je travaille a les faire exister.  Unissez-vous et combattez avec nous pour les memes causes.  Deracinez avec moi l’arbre de l’esclavage.  J’ai jure de faire de vous des hommes comme tous les autres hommes de la Terre.
 
Vive la liberte !
Vive la race noire !
 
Toussaint Breda.”
 
Kou ki touye koukou a, se enkripsyon ki anba let la; tande sa byen :
 
“Copy of Declaration of Independance of Haiti.
Courtesy of Dr Walter Evans.”
 
???!!!???!?!?!?  Mezanmi ooo  !!!  nan mitan gwo sal mize istorik ofisyel ki fe fyete leta Georgia, nan gwo vil Savannah, wi !!!!!
 
M kouri nan resepsyon an pou m al fe yon skandal ak anplwaye ki te di m pa gen anyen sou Ayisyen nan mize a.  Moun nan te gen tan ale.  Mwen mande pou mwen pale ak moun ki responsab pyes istorik yo (“curator”).  Yo di m li pa la paske se Dimanch.  L ap la demen a 10ze nan maten, men m ka pa gen tan we li paske mwen genyen pou m al pran avyon demen maten.  Yo ba m nimewo telefon li, nan biwo li.  Fe m konfyans, li pral tande m !…
 
Oke, sa pa fini la non.  Genyen lot bagay sou Ayisyen yo nan mize a toujou.  M pa gen tan ba nou tout kounye a.  Men kek ti losye :
 
- yon maket ki reprezante batay la ak rejiman Ayisyen an; Anri Kristof ladan yo.
- Plizye teks ki mansyone Ayisyen yo, ak non plizye ladan yo; mwen te rekopye kek nan teks sa yo, mwen fotografye lot.  M a ba nou tout sa yo pi ta.
- Inifom “Chasseurs Volontaires de St Domingue”.
 
Demen maten, m ap retounen nan mize a anvan m al ayopo.
 
N a pale plis pi ta.
 
Respe pou nou !
 
~Djaloki~
 
Posted by Djaloki in 02:41:27 | Permalink | Comments (6)