Thursday, January 5, 2006

Everything Haitian

Mwen fèk ajoute yon sit nan kategori “Ayitian Connection”:
Everything Haitian
Posted by Djaloki in 14:21:31 | Permalink | Comments (5)

Wednesday, November 16, 2005

Dife nan babilòn.

14 vil anba kouvrefe an Frans; tout peyi a nan etadijans.  Jèn imigre Afriken 2zyèm jenerasyon sou santye lagè nan lari…  Babylon is burnin’ !  Mwen pral a Pari dimanch…  Ayabonmbe !

M ap fè yon konferans lòt semèn nan yon gwo sant kilitirèl nan mitan Madrid (Casa de América).  Radyo Nasyonal Lespay ap vin fè yon entèvyou avè m.  Ayabonmbe !

~Djalòki~

Posted by Djaloki in 02:46:59 | Permalink | Comments (2)

Friday, November 11, 2005

The Making Of… Diskou Devandèyè

Anpil moun mande m kote m te jwenn tèks “Vre diskou Kandida Devandèyè” a.  Genyen moun ki menm voye felisitasyon ban mwen.

Fòk mwen di se yon tradiksyon adapte mwen te fè sou yon tèks ann Espayòl yon moun te voye ban mwen.  Moun nan te resevwa l nan men yon lòt moun, egal li pa konn sous tèks la.  Se sa k fè mwen te pran swen pa siyen tèks la pou m pa vòlè patènite li.

Teknik la pa two difisil.  Si ou gade estrikti tèks la byen, w ap konprann li, e oumenm tou w ap kapab fè yon tèks sanblab.  Prensip de baz la, se pou altène liy ki di an gwo:

ou mèt sèten

m ap fè sa ki bon

men pa panse

m ap fè sa ki mal

ou mèt sèten

m ap fè sa ki bon

men pa panse

m ap fè sa ki mal

Epi ou mete yon fraz spesyal pou debi ak fen an.  Ou mèt eseye.  Amize w byen !

Si ou vle wè tèks orijinal Espayòl la, klike sou “READ MORE”.

~Djalòki~

 Somos el PSOE

                         En nuestro partido político

                       cumplimos con lo que prometemos.

                     Solo los imbéciles pueden creer que

                     no lucharemos contra la corrupción.

                Porque si hay algo seguro para nosotros es que

              la honestidad y la transparencia son fundamentales

                       para alcanzar nuestros ideales.

              Demostraremos que es una gran estupidez creer que

               las mafias seguirán formando parte del gobierno

                            como en otros tiempos.

                     Aseguramos sin resquicio de duda que

         la justicia social será el fin principal de nuestro mandato.

            Pese a eso, todavía hay gente estúpida que piensa que

      se pueda seguir gobernando con las artimañas de la vieja política

           Cuando asumamos el poder, haremos lo imposible para que

     se acaben las situaciones privilegiadas y el trafico de influencias

                      No permitiremos de ningún modo que

                       nuestros niños mueran de hambre

                    Cumpliremos nuestros propósitos aunque

                   los recursos económicos se hayan agotado

                        ejerceremos el poder hasta que

                          Comprendan desde ahora que

                    Somos el  PSOE, la “nueva política”.

             Ahora léanlo al revés, empezando por la última frase

                          subiendo línea a línea…

Posted by Djaloki in 20:41:43 | Permalink | Comments (2)

Vre diskou kandida Devandèyè

(Lè ou fin li l, rekomanse depi anba epi monte)

Anndan gouvènman pa m nan

m ap toujou respekte pwomès mwen

se sèl kèk malandren malveyan ki ka kwè

mwen pap elimine koripsyon

paske gen yon bagay ki klè

se verite ak lalwa k ap gide m

pou mwen atenn objektif mwen

sa ta yon gwo erè pou nou panse

m ap kite vòlè fè kenken anndan gouvènman m

tankou sa te konn toujou fèt

mwen sèmante 77 fwa 7 fwa

se pou Pèp la m ap travay

malgre sa toujou genyen egare ki kwè

m ap gouvène an koken

kou m chita nan fotèy la

ni mounpa ni magouy kaba

mwen pap janm pèmèt pou

pitit nou yo mouri grangou

e map toujou atenn objektif mwen menm si

tout kès leta fin blanch nèt

m ap egzèse tout pouvwa m pou

tout moun fin konprann

kiyès mwen ye toutbon

(reli tèks la an montan)

Posted by Djaloki in 00:15:44 | Permalink | Comments (2)

Thursday, March 24, 2005

Sona nan lotel DoubleTree

Pandan m te nan gwo lotel DoubleTree, nan vil Omaha, Nebraska, mwen we yo gen yon sona pou kliyan yo.  Se yon chanm yo chofe a blok pou fe ou sue, yon fason pou elimine toksin ki anndan san ou ak ko ou, epi yon fason pou detann ou, pou lache stres ki akimile anndan sistem ou.  Se yon ansyen tradisyon Zanset Amerendyen nou yo te konn fe pou rezon spirityel, pou pirifikasyon, pwoteksyon ak tretman mistik.  Yo te konn fe li nan No Ewop tou.  Met sou sa, pou mwen se yon remed kont fredi k ap eseye kale m, men mwen pa vle kite l genyen.  Monche, m deside m pral fe yon ti kout sona, pou m remete chale anndan mwel zo m ki t ap komanse fe fresko.

Le m paret sou pot sona a, m we gen moun anndan deja.  Chanm nan yon ti jan piti.  M pat vle al deranje moun yo.  M deside ret tann yon ti moman pou m we si yo pa ta soti.  M tou pwofite li pankat ki sou bo pot sona a, sou deyo.  Le m di deyo a, se pa nan lari, se sou bo yon pisin fenmen, anndan lotel la.  Pankat la ekri an wouj sou fon blan.  Sa m li a yon ti jan fe ke m sote.  Se avetisman pou tout danje sona a genyen ladan n.  Yo di ou konsa:

Pa rete anndan sona a pou kont ou !

Pa kite timoun antre san paran yo pa akonpaye yo.

Pa rete anndan an pou plis pase 15 minit ! Genyen yon revey k ap sonnen apre 15 minit pou fe ou konnen.

Pa rete anndan an si ou komanse santi youn nan bagay sa yo :

- tet fe mal

- vetij

- anvi vomi

- vomisman

- nen k ap koule san

Le m li sa a, m komanse gen dout. Sanble se pa ti chale k ap toufe moun anndan an. M renmen chale se vre, men m pat vin nan peyi blan pou yo kwit mwen ! Se yon ti sona m bezwen pou fe m sonje plaj piblik Karyes pou yon ti moman. M pat vin ba yo kadav ko m pou yo fe chabon ave l… Le neg ki te anndan an soti ato, mwen komanse frikawout tout bon. Misye se yon gwo Meriken byen gra. Figi l te wouj kou yon tomat, telman l ap sue, ou gen enpresyon se anba yon gwo lapli li te ye anndan an, epi l ap soufle tankou si li te fek monte Mon Karate, aloske se chita l te chita pandan tout tan sa a…

Monche m kalkile, m kalkile, m kalkileeeeeeeeeee… Ale, pa ale ? Ale, pa ale ? M di tet mwen : “Si gwo Meriken an te siviv, m dwe kapab fe l tou !” Egal m deside m ap antre, men m tou pare pou m kouri soti kou m komanse santi san m ap bouyi anndan venn mwen. M retire rad sou mwen, sel yon bout pantalon m kenbe sou mwen. M ranmase kouraj mwen, m pran yon gwo respirasyon, epi m antre.

Premye bagay mwen santi, se fredi. M di tet mwen: “Atansyon ! Se ka yon pyej. Petet se chale a ki si telman fo, sevo m gen tan varye, li pran chale a pou fredi !” M gade ko m, m fwote men m, mwen manyen djwed mwen yo pou we si yo pa gen tan fonn. M we tout bagay anplas, epi m kontinye santi ti fredi toujou. M sonje nan kou fizik mwen te aprann van cho monte, van fret desann. M di tet mwen: “Siman se paske mwen ate, mwen pa nan kouran cho a. Se pou m monte sou dezyem ban ki pi anle a pou m ka pran chale a. Kidonk mwen monte sou ban anle a, m chita, m ap tann chale a. M chita, m chita, m chita, m chita… M poko janm pran ankenn chale. Le m voye je m gade, m we gen yon temomet anndan sona a. M gade tanperati a, li di 34 Degre Selsiyis (egal 93 Farenayit). Sa poko chale pou mwen ditou !  Lari Nouyok Siti konn pi cho pase sa, ale we pou Potoprens oswa Dakar !… Se nan sona m vini, se pa yon vyann mwen te retire nan frize vin mete deyo pou glas li ka fonn. Bouton temosta ki kontwole tanperati a sou deyo. M soti, m al gade li. M we li sou 8. M vire l sou 10, ki se maksimom li ka rive. Men fo m di ou, m komanse move. M santi non selman pankat la te twonpe m, men m preske regret mwen te mete nan tet mwen sona se yon gwo zafe.

M antre anndan anko, m al chita anle a, m ap suiv temomet la, epi kounye la a m ap tann vre chale a. Temomet la fe yon ti monte jis 40 Degre Selsiyis (104 Farenayit), epi l ret kanpe la ! M preske pa menm santi diferans la sou po m. Se le sa a revey la sonnen. M retounen mete l pou yon lot 15 minit anko. Aaa, bobin ! Revey la sonnen anko. M rebalanse l pou 15 minit anko. Monche, jis kounye la a, pandan m ap pale ave ou, m pa janm santi pyes chale menm menm menm menm menm. Kanta pou sue a, ou met bliye sa ! Se nan chanm mwen m oblije remonte al pran yon beny dlo cho, byen move.

Pa pale m de sona nan lotel DoubleTree anko!

Posted by Djaloki in 03:33:30 | Permalink | Comments (3)