Friday, April 22, 2005

Denye bout wout sou chimen Lakay

Alo fanmi m yo,
Lone ak Reverans pou nou !
 
Se Djaloki.  Kouman sa ye bo kote nou ?  Bo kote pa m, tout bagay anfom.  Nou kontinye ap pote mesaj louvri je, edikasyon, Respe ak Diyite pou Zanset yo nan peyi Blan Meriken.  Prentan louvri barye lakou li a, li kite nou antre.  Epi mwen desann nan Sid, pi pre lakay, pi pre Soley.  Li te le l te tan !  Mwen satisfe ak laviwonn mwen anpil nan peyi etranje, men m santi m bezwen rantre lakay pou m rekonekte ak Manman Te a.  Le m preske rive; m byen kontan !
 
Mwen Miami kounye a, m ap vizite kek fanmi ak zanmi nan zon Florida.  M pat janm resi konn Joj, petet m a resi konn ti fre li (Djeb Bouch, gouvene Florida)…
 
Le 30 Avril, yo envite m pale sou relasyon ant Krisyanis ak Spirityalite Afriken, nan konferans Fellowship of Friends of African Descent (FFAD - “Quakers” Nwa Ozetazini : http://www.fellowshipoffriendsofafricandescent.org).  Sa ki enteresan anpil se kote sa ap fet:
 
Youn: Konferans lan ap fet nan St Helena Island, South Carolina.  Se yon ti zile tou piti, kote desandan Afriken ki te vini nan epok esklavaj yo kenbe kilti ak langg Zanset yo ki te soti nan zon Sierra Leone, ann Afrik de lwes.  Yo rele yo “Gullah People” (Pep Gola).  Youn nan dirijan FFAD a se yon fanm Gullah ki konsakre tout lavi li sou rechech istwa ak kilti pep li a (Althea Natalga Sumpter).  Li te fe yon phD sou sa.  Sit web li, se www.altheasumpter.com.  Respe maksimom pou Pep Gullah, Pep vanyan, Pep rezistan, fanmi nou !
 
De: Ayopo ki pi pre St Helena Island, se Savannah, Georgia, kote plizye santen gerye Ayisyen te al pote kole ak Ameriken nan batay pou libete an 1779.  Anri Kristof te ladan yo, Desalin tou, si m pa twonpe m.  Yo konsidere epizod sa a kom denye gwo batay kont lame wa Angle a ki pat dako ak endepandans Etazini.  Kidonk se batay sa a ki te pote laviktwa definitif, malgre Etazini te gen tan endepandan deja.  Sanble yo pral monte yon moniman nan memwa Ayisyen sa yo, m sipoze se sou sit kote batay la te pase.  Mwen pral fe youn ou de jou Savannah.  Mwen poko gen okenn kontak direk sou plas, ni m pa konn ki kote egzakteman batay la te fet.  M ap fe rechech sou sa.  Nenpot moun ki gen nenpot enfomasyon sou batay Savannah a, ni an 1779, ni nenpot kontak nan Savannah mwen ka jwenn kounye a, tanpri fe m konnen vit !  Mesi davans pou sa.
 
M ap antre lakay le 8 Me sidyevle.
 
Respe ~ Lape ~ Lanmou ~ Sajes ~ Libete
 
Posted by Djaloki in 23:54:46 | Permalink | Comments (4)