Envitasyon nan Lakou 21 Jenerasyon (Kreyòl)
Onè ak Reverans!
Bonjou Fanmi m, Zanmi m.
Se yon grap plezi pou Djalòki pou li envite w pase wè li tanzantan, epi chita pale ansanm avè l nan Lakou sibènetik li ouvè sou Entènèt (“blog”). W ap kapab li sa li ekri regilyèman, epi fè kòmantè pa w ki ap disponib pou tout moun sou Entènèt.
Pa manke gade kolonn k ap parèt adwat ekran “blog” la. Li genyen yon bann bagay enteresan lè ou desann pi ba pase ti kare k ap bay reklam nan. Se nan kolonn sa a w ap jwenn tit pou al li an premye a, lè ou fèk parèt sou sit la. Li make: “Li entwodiksyon sa a an premye” (anba tit: “New to this blog? - Ou fèk parèt? - Nouveau/Nouvelle sur ce blog?”).
Pi ba nan kolonn adwat la, w ap jwenn yon lis liv Djalòki renmen, ak tout lyen yo sou Amazon.com.
Lè ou fin li nenpòt tèks sou “blog” la, ou annik klike sou gwo tit anlè a ki di: “PAWÒL APRANTI-SAJ”. Sa ap remete w sou paj prensipal “blog” la.
Si w ap klike sou yon lyen entènèt (“link”), ki pral voye w sou yon lòt sit, pandan w ap li yon tèks sou “blog” la, li rekòmande pou peze bouton adwat (“right click”) sou sourit la (“mouse”), epi chwazi “Open link in new window”, pou pa pèdi tèks ou t ap li a.
Djalòki ap tann ou ak anpil enpasyans nan Lakou sibènetik li a. Adrès la se http://djaloki.blog.com
Lapè ak Respè.