Wednesday, May 3, 2006
Saturday, December 10, 2005
M la, m pa la.
Jiska prezan, mwen resi kenbe fokis mwen sou enèji “anlè” yo, men se yon gwo batay chak fwa mwen sot deyò nan lari. Reyalite anbyan an ba, li lou, li negatif, li fitil, li gen laperèz anpil, egal m ap viv nan yon lòt reyalite ki pa matche menm ak vibrasyon pi fò rès moun yo. Mwen gen entansyon kenbe pwotokòl sa a. Li pi bon pou mwen, e m kwè li ka pèmèt mwen ede lòt moun tou, men m pa konn ki efè segondè li ka genyen, m pa konn si li posib pou m kenbe konsa pandan m ap eseye fonksyone nòmalman nan Potoprens. Sa fè m sonje Mèt Yechwa lè li te di “Mwen nan monn sa a, men mwen pa fè pati ladann”. M ap suiv pou m wè…
Wednesday, March 23, 2005
Maryaj posmoden milti-kiltirel milti-spirityel
Sunday, December 19, 2004
Vodou ak Krisyanis (Kreyòl)
Men sa yon zanmi ap mande sou rapò Krisyanis ak Vodou. Mwen gen entansyon bay dizon pa m sou sa pi ta, lè m gen plis tan. Annatandan, nenpòt moun kapab kòmante osnon reponn kesyon yo.
Zanmi a mande :
w a eskize m si mwen poze w tout kesyon sa yo: mwen ta
renmen konnen ki rapò krisyanis ak vodou? èske se
maryaj de relijyon sa yo ki senkretis la ? èske yon
bon jan grenn ayisyen ka yon kretyen? lè nou konsidere
kijan krisyanis la te rantre nan sen nou ak ki ravay
li ka fè lè nou mal konpran ni? kesyon sa yo ak anpil
lòt ankò mwen ta renmen ou ban m yon ti limyè souple.